Lè mwen aprann Ministè Edikasyon an revoke akò li te siyen ak Lekòl Nòmal Siperyè nan lane 2013 sou nominasyon nouvo diplome yo, premye kesyon mwen poze se: kisa li bay oswa pwopoze nan plas li?
Antanke nòmalyen e sitou pwofesè nan Lekòl Nòmal la, gen kèk moun ki ka panse mwen endiferan anfas yon dram konsa. Efektivman se yon dram. Paske gen pou pi piti san swasant jèn ki wè lespwa yo te genyen pou yo jwenn yon pòs nan yon lèkol piblik baskile, alòske depi 4 lane yo rantre Lekòl Nòmal la, yo ap tann dat sa a rive pou yo anfen jwenn yon djòb otorite yo te pwomèt yo.
Li posib pou kesyon mwen te poze a choke sitou etidyan ki pa t konn pozisyon mwen depi 2013 sou koze nominasyon sa a. Pou rapèl, mwen pa t janm kwè akò sa a te bon ni pou nòmalyen yo, ni pou Lekòl Nòmal la, ni pou sistèm edikatif la an jeneral. Mwen toujou kenbe menm pozisyon an ak menm agiman mwen pral ekspoze nan tèks sa a.
Men mwen pa nonplis dakò ak fason Ministè a revoke akò a jounen jodi a. An nou gade poukisa dabò. Answit nou va wè ki rezon ki fonde dezakò mwen kont akò a epi poukisa mwen jije nòmalyen yo gen plis enterè pou yo pase nan yon konkou rekritman.
Tout etidyan ki enskri aktyèlman nan Lekòl Nòmal la gen dwa ak nominasyon kou yo boukle etid yo. Desizyon Ministè a ki revoke akò a fè referans ak lis etidyan dirijan ENS yo soumèt ba li. Sa lese kwè se an repons ak soumisyon lis sa a Ministè a pran desizyon an; sa vle di se pa yon bagay otorite yo te planifye. Alòske ka gen anpil nan jèn ki antre lekòl la nan lane 2021 yo ki fè chwa sa a sitou paske yo gen asirans nan 4 ane pita (an 2025), yo ap jwenn yon anplwa garanti epi estab nan yon lekòl piblik; se kapab akò sa a ki te plis motive yo vini Lekòl Nòmal la. Li pa jis pou se lè yo fin boukle etid yo a, sa vle di lè yo fin ranpli pati pa yo a nan kontra a (avèk tout soufrans nou konnen sa enpoze pou yo andire, tout ris yo pran anba ensekirite peyi a sonbre ladan l lan) pou Minis la di yo Leta a p ap ranpli pati pa li a.
Rezon Minis lan avanse yo pa montre lidèchip ak responsabilite sosyete a ap tann nan men yon otorite: kominike a mansyone pwoblèm bidjè ak mank devlopman enfrastrikti. Men se pa yon bon maten, yon minis leve epi li konstate sa. Devlopman enfrastikti se bagay yo planifye sou plizyè ane. Si donk pa t ap gen mwayen pou nome etidyan yo nan lane 2025 se depi plizyè ane avan sa responsab yo sanse konnen sa.
An konsekans, Ministè a te gen plizyè ane devan li pou li te poze pwoblèm akò a epi jwenn avèk ENS yon antant ki montre elegans ak sans responsabilite ki ta fè onè tou de enstitisyon yo. Anvan menm etidyan ki boukle etid yo an 2025 lan te fè chwa vin ENS, li t ap posib pou yo te okouran akò sa a te rive nan dènye bout li; kidonk li pa t ap an aplikasyon pou yo. Sa ki t ap vle di yo pa t ap konsène nan pwomès nominasyon an. Paske sa pa t fèt, Ministè a dwe yo tout sa akò a te pwomèt yo, nan non prensip non retwoaktivite yon lwa lè li pa an favè moun ki konsène a.
Li enpòtan pou mwen prevni se pa sèlman dwa etidyan finisan jounen jodi a yo Ministè a dwe evite vyole; se dwa tout etidyan ki enskri aktyèlman lekòl la. Yo tout gen dwa ak nominasyon akò a te pwomèt la. Yo tout deja anndan akò a paske yo se etidyan nan Lekòl la pandan akò a te toujou aktif. Anplis, paske, avan yo entegre lekòl la, pèsòn pa t di yo yo pa konsène, kadisite sa a pa dwe aplike kont yo.
Se youn nan sans kesyon mwen te poze a genyen: kisa Ministè a di moun sa yo ki gen dwa a nominasyon yo, paske yo ranpli pati pa yo a nan kontra a?
Sepandan, dezakò sa mwen gen kont fason Ministè a revoke akò a pa modifye dezakò mwen kont akò sa a depi 2013. Pèmèt mwen repete sa klèman: mwen pa t janm kwè akò sa a te bon ni pou nòmalyen yo, ni pou Lekòl Nòmal la, ni pou sistèm edikatif la an jeneral. Mwen toujou kenbe menm pozisyon an ak menm agiman yo. Lè nou byen gade, pwoblèm nan pa sèlman revokasyon yon akò, se kesyon ki modèl rekritman pwofesè nou vle pou peyi a. Kijan sa dwe fèt pou li nan enterè tout moun: nòmalyen yo, Lekòl Nòmal Siperyè, metye anseyan an ak tout sosyete a?
Akò a pa nan enterè tout nòmalyen paske li kreye yon nouvo inegalite nan mitan nou. Li repoze sou yon prensip senp men enjis: chak ane, diplome Lekòl Nòmal yo dwe jwenn nominasyon nan sistèm lekòl piblik la aprè evalyasyon yon staj yo dwe fè.
Men, e sila yo ki te boukle etid yo avan dat sa a? Ki kad objektif ki defini pou yo ka rantre nan lekòl piblik yo?
Prensip sa a plis sanble yon mezi pwoteksyon pou aktyèl etidyan yo. Men kesyon prensipal la pa t janm poze klèman: sou ki baz yon diplome ki fini aprè 2013 gen plis dwa pase youn ki te fini avan? Èske diplome 2010, 2011, 2012 yo ta dwe pèdi tout chans yo? Èske dwa pou travay nan fonksyon piblik la dwe depann de dat yon akò administratif ? Li pa sanse pou Leta bati yon politik sou yon lojik ki kreye inegalite ant sitwayen ki gen menm kalifikasyon. Depi nan pwen sa a, akò a poze pwoblèm.
Se yon lòt kesyon yo soulve raman alòske pandan 10 dènye ane sa yo prèske tout kriz ENS konnen se akò sa ki pwovoke yo. Lè estabilite yon enstitisyon fòmasyon depann de piblikasyon yon lis nominasyon yon lòt otorite dwe fè, sa kreye yon rapò depandans danjere. Chak fwa gen yon pwoblèm konsènan lis la, si li pran reta, si gen konfizyon, si gen blokaj administratif, kriz la pete anndan ENS la menm. Kesyon an dwe poze ak tèt frèt pou retire ENS anba presyon sa a kote tansyon sosyal ak tansyon akademik mare ansanm nan. Estabilite yon gwo enstitisyon fòmasyon pwofesè tankou ENS pa dwe depann de fason yon lòt enstitisyon dwe pran yon desizyon administratif chak ane. Dayè Ministè a pa menaje nou. Sa pa bon ni pou gouvènans Lekòl la, ni pou diyite li.
Si jodi a minis la retounen sou desizyon li an, demen yon lòt ap pran menm mezi a. Paske li pa lojik pou yon enstitisyon pran angajman pou li anboche tout moun yo ap fòme nan yon sektè. Sa p ap kenbe. Nòmalyen yo pa ka pran sa a pou yon konkèt nan konba pou valorize metye anseyan an; baz la pa solid.
Kriz sa a se yon nouvo okazyon pou nòmalyen pran yon pozisyon ki pi solid e ki ale nan enterè nou tout bon vre, sa vle di nan enterè metye nou an. Nou dwe aksepte pase nan konkou pou entegre lekòl piblik yo. Dèyè sa oswa avèk sa, gen lòt anje enpòtan sou karyè anseyan pou nou revandike. An nou eseye gade kèk egzanp:
- Egzije Ministè a pou gen transparans nan rekritman pou tout lòt pòs nan sektè a. Menm règ la dwe valab pou enspektè yo, direktè, konseye pedagojik yo, enspektè ak direktè depatmantal yo.
- Negosye pou se selon merit, selon klasman nan konkou yo, moun pran pwomosyon nan sektè a. Olye pou se aranjman politik ki pou fè yon nòmalyen dirije yon lise, li va rive nan pòs sa a paske li merite l e li va revandike li lè se li ki mye plase pou li te okipe li sizoka yo ta bay yon lòt li.
- Negosye pou moun ki mye plase nan konkou a gen latitid pou chwazi anvan pami pòs ki disponib yo, e si donk Ministè a bezwen moun sa a yon lòt kote, li dwe antann avèk li epi ba li yon kontre pati. Konbyen nòmalyen ki nan nesesite pou yo ta travay nan yon vil alòske yo voye yo yon lòt kote san yo pa gen okenn rekou ?
Ministè a gen pou li fè konkou san nou pa diskite sou kisa li dwe ye. Lè sa a anpil nan nou pral pase li tèt bese. E, nou ka pèdi, Lekòl Nòmal Siperyè ka pèdi, sosyete a ka pèdi.
Premye ris la se retwouve nou nan yon sitiyasyon pou nou al nan yon konkou ki pa kadre ak nivo nou; yon konkou ki mande yon nivo travay enferyè ak envestisman nou fè nan fòmasyon nou nan ENS la. Nou riske al lejitime yon senp fòmalite ki pèmèt moun ki pa gen bon nivo ak konpetans antre nan sistèm nan, epi kote yo nan menm ran avèk nou. Lè sa a tout sakrifis nou te fè Lekòl Nòmal la p ap reprezante anyen. E, sa ka fè tou yo di li pa nesesè pou ENS ap pouswiv yon seri objektif kote nivo syantifik la ap ogmante.
Menmsi li lwen pou sa sifi, Lekòl Nòmal se sèl ensititisyon nan peyi a ki gen mwayen pou li fòme anseyan nan pifò disiplin ki nan kourikouloum Ministè a nan yon nivo kote diplome li yo ka fè plis pase sa yo gen pou yo fè nan klas segondè. E sa a se yon gwo espwa pou sosyete a. Si nou kite Ministè a òganize konkou l san nou pa diskite sou kisa li dwe ye (nivo syantifik, transparans, grad li ap ajoute sou estati nou), nou riske wè se rale yo ap rale nou desann, alòske konkou a ta dwe ede nou motive etidyan yo pou nou monte pi wo. Yon konkou ofisyèl dwe baze sou yon pwogram ki defini prensip yo, ki ouvè pèspektiv sou enpak pozitif li nan devlopman disiplin yo anndan sosyete a. Konkou a dwe yon okazyon pou devlope aktivite entèlektyèl entans nan disiplin yo. Ki moun ki ap defann dimansyon sa yo si nou kite Ministè a fè konkou a san nou pa diskite klèman sou tèm ak kondisyon yo ? Pa egzanp, pou chak edisyon konkou nan displin filozofi, pou pèmèt kandida yo fè preparasyon epi, nan menm okazyon an, ogmante konesans yo, depi omwens 10 mwa avan, otorite yo dwe endike tèm ak zèv ki nan pwogram nan. Konkou a pa dwe yon senp fòmalite administratif. Li dwe yon okazyon pou kreye yon manifestasyon entèlektyèl ki mobilize plis pase moun ki kandida yo. Pa egzanp, nou ka jwenn gen inivèsite ak chèchè ki pa kandida men ki deside pandan peryòd la ekri sou tèm ak zèv ki nan pwogramm nan. Se ap donk yon okazyon pou otè ak editè fè kòb ; pou entèlektyèl ak jounalis fè debat nan espas piblik la; pou lajenès asiste debat sou kesyon pwenti, nan tout domèn. Sosyete a gen enterè pou chak peryòd gen jèn k ap travay trè di sou yon seri kesyon espesifik (pèspektiv pou dekwoche yon anplwa estab se kanmenm yon bèl okazyon pou pouse yo fè sa); sa ap leve nivo kilti ak konpetans nou. Ki moun ki ap egzije yo leve nivo a si se pa moun ki pase nan yon enstitisyon tankou ENS kote yo konsakre 4 ane ap travay nan disiplin sa yo nan yon wo nivo? Se tout sa yo n ap pèdi epi fè sosyete a pèdi si nou kontinye refize pou gen konkou rekritman ki fèt pou lekòl piblik yo oswa si nou pa negosye pou nou se patnè desizif nan òganizasyon konkou a. Pou sa ENS ap fè nan peyi a nan disiplin fondamental yo, pozisyon nou dwe gen pwa nan detèminasyon nivo konkou ki dwe fèt ladan yo.
Kidonk, vrè batay la ap kòmanse lè nou di Ministè a : dakò pou konkou a ; ba nou wè kisa pwojè a ye; ba nou gade kisa dispozitif la ye. Si se pa sa, se wè nou ap wè se moun ki ta dwe chita devan nou pou aprann fè yon ekwasyon, yon disètasyon oubyen pou aprann rezime yon woman ki ap pase nou konkou pou nou ka pwofesè nan lise.
Vrè batay la ap kòmanse lè nou mande Ministè a pou moun ki ap pase konkou yo jistifye yon kantite kredi akademik nan disiplin yo gen entansyon anseye a. Paske, li trè nesesè pou yon moun gen ase kilti jeneral ak konpetans nan yon disiplin li pral anseye. Kidonk, pwouve li gen yon pakou akademik ki ba li dwa al nan yon konkou pou li vin anseyan nan disiplin sa a, se yon demach ki jis. Egzije li sa se temwayaj yon bon sans reponsanilite. Kidonk, sa a pa kontradiktwa ak enterè ni nòmalyen yo, ni Lekòl Nòmal la ni sosyete a. Alò, kouman n ap rive defann prensip sa yo si nou ap tann pou Ministè a ba nou yon myèt epi nou kite rès pòs yo nan men li pou li met moun ladan yo deyè do nou.
Nòmalyen, nou ap goumen pou yon akò ki pèmèt entegre nou prèske otomatikman nan lekòl piblik yo, men nou pa mande selon ki akò yo entegre lòt anseyan yo. Alòske, lè nou nan klas yon lise nou ap travay, ti fanmi nou yo nan yon lòt, devan lòt anseyan ki pa t antre nan klas sa gras ak menm akò sa a. Kouman nou fè konnen si yo gen konpetans pou fè travay la byen? Èske sa vle di kesyon ki pi pètinan an se entegrasyon tèt pa nou menmsi gen yon pil lòt ki pa dwe nan klas kòm anseyan men ki la tou?
Anfen, li nesesè pou nou konprann pwoblèm ki poze a pa sèlman yon kesyon rekritman pwofesè nan lekòl piblik yo. Li konsène pwofesyon anseyan an nan li menm ak responsabilite Leta a genyen pou se moun ki kalifye e li bay pèmisyon ki antre nan klas pou anseye nan piblik tankou prive. Leta pa ka siveye sèlman kalite anseyan ki nan sektè piblik la. Se sa ki fè pwoblèm konkou pou rekrite moun nan lekòl piblik yo segondè pa rapò ak nesesite pou Leta òganize egzamen nasyonal pou tout anseyan segondè yo, yon fason pou menm anseyan nan lekòl prive yo se pami sa ki gen lisans egzamen nasyonal la yo chwazi yo.
Sou baz tout sa mwen ekspoze pi wo a, mwen pral fini ak kèk rekòmandasyon konkrè. Se pa yon lis revandikasyon kòporatis. Se pito kèk atitid ak kèk pwen ki sanble enpòtan pou, antanke nòmalyen, nou kòmanse pran epi egzije si nou vle batay nou an bay rezilta dirab, moralman solid e ki nan enterè tout moun.
Premyèman, fòk nou evite kanpe aktivite akademik ak pedagojik nou yo lè nou ap pwoteste kont yon bagay ki pa nan enterè nou. Kanpe aktivite yo se izole nou, kidonk afebli nou. Kou yo se okazyon pou rankontre epi echanje sou pwoblèm yo.
Dezyèman, Ministè a dwe respekte angajman li gen anvè etidyan ki deja nan ENS yo. Moun ki te antre lekòl la anba akò 2013 la te fè chwa sa a ak garanti yon nominasyon lè yo fini boukle etid la. Revokasyon akò a pa dwe konsène yo. Nou dwe egzije yon dekrè ofisyèl ki konfime dwa yo. Chanjman politik pa ka retwoaktif lè se lavi moun ki an je. Pozisyon sa moral e jis, se pou nou kanpe dèyè li.
Twazyèman, si akò 2013 la vin kadik, Ministè a ak Direksyon Lekòl Nòmal Siperyè dwe trete pwoblèm kadisite sa a suivan yon pwosesis tranzitwa klè ki pa komèt okenn enjistis e ki pa diskredite moralman de enstitisyon yo. Sa vle di : akò a rete aktif pou moun ki deja ladan l, men li pa aplike pou nouvo kandida yo. Ministè a ta dwe, nan konsiltasyon li ak ENS, etabli yon kalandriye tranzisyon ki bay chak pati yo tan pou yo adapte yo. Se sa yon administrasyon responsab dwe fè.
Katriyèman, pou tout konkou ki pral fèt, nou dwe egzije pou nou chita ak Ministè a anvan yo òganize yo pou diskite sou kondisyon yo : ki nivo akademik ki egzije, ki displin ki konsène, kijan yo pral evalye kandida yo. Konkou ki fèt san konsiltasyon ak ENS riske desann nivo a parapò ak sa ENS ap fè deja. Nan matyè ansèyman disiplin fondamental yo se devwa tout nòmalyen pou yo pa kite sosyete a fè bak pa rapò ak nivo ENS gentan mete li a. Fòk nou vijilan pou Ministè a pa fè nou rale kou ti bebe nan domèn kote nou konn galope. Vrè batay la ap kòmanse nan negosyasyon kondisyon konkou a, non pa apre li fin fèt.
Senkyèman, nou dwe batay pou transparans nan tout rekritman nan sektè edikatif la — pa sèlman pou pòs anseyan, men tou pou enspektè, direktè, konseye pedagojik, direktè depatmantal. Menm règ la dwe aplike pou tout moun. Pwomosyon dwe fèt selon merit ak klasman, pa selon aranjman politik. Lè yon nòmalyen merite yon pòs, li dwe kapab reklame l sou baz objektif, pa sou baz relasyon politik ak zanmitay.
Sizyèman, nou dwe batay pou yon egzamen nasyonal pou anseyan piblik kou prive. Sa vle di pou yon moun antre nan yon klas, li dwe pase yon egzamen nasyonal ki ba li pèmi pou li anseye. Koze bay pèmi sou baz analiz dosye a dwe eradike. Se konsa nou pral garanti kalite anseyan nan tout sistèm nan, e se konsa tou nou pral mete fen ak pratik ki pèmèt moun antre nan klas san okenn kalifikasyon objektif.
Mwen espere tèks sa a pote kontribisyon pou yon refleksyon ki depase moman kriz sa a. Sitiyasyon an grav, men li ofri yon okazyon pou nou poze kesyon fondamantal yo sou avni metye anseyan an e sou wòl ENS nan sistèm edikatif la. Piga nou kite Ministè a kontinye detounen atansyon nou gras ak kèk nominasyon. Tout edidyan ki enskri Lekòl la nan moman an gen dwa ak sa. Vrè batay la se pa sou tèren sa li ye. Si nou kontinye rate okazyon sa yo pou nou poze vrè pwoblèm yo, n ap kite yo anpire chak jou pi plis lavi anseyan nan peyi a. Nou dwe non sèlman pwoteste kont revokasyon brital e enjis akò sa a men tou pwopoze yon vizyon pi laj. Nan ka kontrè, Ministè a ka bay yon repons politik ak revandikasyon nou yo alòske se yon repons striktirèl nou dwe egzije.
Claude CALIXTE, pwofesè filozofi nan ENS. Responsab depatman filozofi ENS la.
1e mas 2026.